lundi 20 août 2018

Relasyon Ayisyen ak tè Peyi Dayiti?


Premye abitan peyi Dayiti, endyen Po Rouj yo, premye mèt tè sa a, disparèt nèt. Kolon panyòl pat ba yo chans respire yon gout oksijèn anplis. Gende kote ou rive  tankou Basen Ble nan zòn Lavale Jakmèl ou byen  Rivyè Glas sou wout Jeremi, peyizaj la ta vle raple w vagman ke moun sa yo te la. Ou preske ap rèt tann yo parèt bridsoukou sou ou lè w fè yon ti poze nan zòn sa yo.

Pifò Ayisyen jodia ki ap viv sou teritwa a se desandan yon pakèt moun yo te derasine nan tè myèl ak lèt  yo te renmen, san yo pat ko konnen, pou vinn depoze yo, nenpòt kijan, sou tè peyi Dayiti. Kote krim sa pi anmè se lè moun sa yo pase twasan zan  ap trimen sou kont "tout" kalite "kolon" apre yo finn rache yo, fè yo kite san vire gade dèyè, veritab peyi dorijin yo nan plizyè kote sou kontinan Lafrik. Kolon fè tout kalite eksperyans sou yo, yo rakonte yo tout kalite koze, fè yo tou kalite mechanste...de jenerasyon an jenerasyon jiska 1804 pou pi piti.

Ki rezilta tout moun konnen zak malonèt pwodwi antan nomal? Plis zak malonèt, plis malveyans! Joumou pa donnen kalbas! Men tou gen yon dimansyon pasif nou atann nou ki dwe parèt apre tout tan enjistis sa yo tap komèt san pitye sou moun sa yo: degoutans, rejè tè sa a kote yo te vinn lage yo san yo pat mande..., Tè sa ki pa janm ofri yo lòt bagay ke soufrans, pèsekisyon, mati…

Mwen gen yon teyori sou sitiyasyon sa a: pèp ayisyen nou genyen jodia pa janm aprann renmen tè peyi Dayiti. Li pa devlope okenn atach  ak tè sa a pandan tout syèk sa yo yo evolye sou li. Tè sa pa janm te pèl dèzantiy pou yo... Yo se yon pakèt tromatize ki pat janm benefisye swen sikolojik nesesè pou remanbwe inivè mantal yo ki tèlman frajilize pandan tout syèk move tretman sa yo. Nou pa gen pou nou sezi si sèl objektif, sèl rèv yon konpatriyòt  se pati, kouri kite tè sa a, al akouche  pitit nan tout lòt peyi! Dayè, menm moun ki pat pi mal lè Ayiti te pèl dèzantiy, menm moun ki ap repete jodia ke "Ayiti pa yo a diferan"  te konnen pou yo pran sa tè a te pwodwi ba yo a, ale gaspiye l lòt kote, nan peyi lòt pati zansèt nou yo. E yo kontinye nan menm tandans lan jis jounen jodia.

Nou pral dim se nou tout ansanm ki  te fè 1804. Se pa manti. Men repons nou: tout bèt jennen mode!

Kesyon an kounye a se: 
- kijan pep, nasyon Ayisyen pral ranje reyalite terib sa a ki san parèy? 
- kijan nou pral travay sou tèt nou kòm pèp souvren (paske se pèp souvren nou ye ki dwe pran responsabilite granmoun lakay nou), pou nou fè sa k pou fèt la malgre tout sa nou pa genyen, malgre tout sa nou pa ye?

Nasyon ayisyen pa gen lòt kote non, se sèl Ayiti ki pa nou...e se sa tout lòt moun konnen ki fè yap vann nou tout frekan sa nou wè nan lemond  jodia a. Nou pako fè anyen ki ta sanble ak yon avyon alewè yon pwogram voyaj nan lespas ki pou ta di nou gen projè al viv sou yon lòt planèt yon jou. Se vre ke gen anpil anbasadè di syèl nan mitan nou. Men sa se yon lòt istwa…


#teyoripam
#senoukipouranjesa
#dimMantisiwkapab!
#fristrasyonkappale

1 commentaire: