jeudi 23 août 2018

Relasyon Ayisyen ak Idantite Ayisyen an....


Yon Ayisyen se yon moun an premye, e se yon moun ki gen yon lyen, pou lavi, ak antite yo rele Ayiti a. Lyen sa a ki ap depafini a...

Mwen konnen yon moun ki toujou ap repete ke li pa konprann koman fè Bondye te chwazi fè l fèt nan bò Ayiti a, sou zile Ispayola.

Tout jan Ayisyen ye, li bon. Nou reziyen nou, nou bouche nen nou pou bwè dlo santi. Pito nou lèd nou la… Nou pa gen problèm pandye sou tèt kamyon,  chita atè nan fatra, nan labou, nan solèy... nou pap pran prekosyon ak kò nou, ak anviwonman kote nap evolye a. Nou maltrete manje nou pral manje, nou pote moun nenpòt kijan, nou bwote bèt nenpòt kijan, nou pote bèt menm kote nap pote moun, anmenmtan nap pote moun yo. 
Nou pale tout vye koze nenpòt kilè, sou nenpòt ki moun, nenpòt kijan, nenpòt ki kote ak bouch nou. Pale tenten, chante tenten,danse tenten se sa ki nomal jodia, se sa ki alamòd. E nou vle pou yo aksepte  tout bagay jan l ye a... 
Nou pa renmen lapwòpte. Nou pa renmen wè lè pwòp frè nou ap evolye, lè sitiyasyon l ap amelyore, le lap fè bagay pozitif, menm si se nou ki pral benefisye an premye. Jounen jodia, siviv nan Peyi Dayiti se yon konpetans ou ka mete nan korikolòm vite. 
Nou adapte nou ak tout bagay. Nou reziyen, nou parese, nou visye, nou lach, nou egri, nou chimè!

Nou  refize foure nan tèt nou ke premye solisyon an se nou ki pou vini avèl pou tèt nou. Peyi Dayiti, jan nou konsevwa l la, paka fè anyen pou nou. Se chak grenn Ayisyen ki fomè peyi a, se chak grenn Ayisyen ki pou fè, pou peyi a ka fè. Konsèp Ayiti a pa egziste san Ayisyen, nou paka defini  Ayiti a san nou pa mete Ayisyen ladan l. Mwen pa wè kijan pou mwen vire l ankò pou fè nou konprann…

Nou konplekse ak tèt nou. Depi yon etranje komanse poze nou kesyon nou fè mawonnaj. Pa mande menm sil rive sou nou ak kesyon vodou a dwat. Nou santi nou vekse pou nou mouri. Gende nan nou, depi nou travèse Sen Domeng nou bliye si nou konn pale Kreyòl ak Franse nèt. Nou pwefere pale Angle lè nou mare ak  Panyòl la. Bon map pase sa sou kont reflèks sekirite ke nou devlope pa rapò ak jan nou santi nou menase lè nou poukont nou kòm sèl grenn Ayisyen nan mitan yon pakèt Dominiken...Men poukisa nou fyè konsa lè Dominiken an di nou pa sanble Ayisyen? Se joure li joure nou wi!

Nou pral dim se paske nou pa edike ase ki fè sa?
Nou te mèt viv syèk nan peyi etranje, nou mete kò nou tou piti tankou mouton pou nou byen viv nan peyi kote bagay yo byen òganize. Depi nou annik met pwent pye nou sou tè Peyi Dayiti, nou reprann kostim sanzave nou. Depi nan vol avyon ki pral ateri Pòtoprens ou byen Okap  lan, nou gentan ap manifeste volonte malveyans, indisiplin, sovaj la lakay nou an: nou enjerab, otèsdelè yo bouke ak nou. Nou kontan pou nou vinn ouvè lekò, fè tout betiz, tenten, salopri  sou pretèks ke lè nou nan peyi nou, nou ka fè sa nou pi pito. Lari a se salon pèp la? Men ekzizem wi, alon ti pèp sòt, malpwòp sa se nou!  

Paske sanksyon, pinisyon yo pa rive rapid sou nou, tout moun fe sa yo pi pito. Nap volè menm kouvèti twou egou devan pòt lakay nou. Nou kite twou a tou ouvè epi pwòp pitit nou pwal kase pyel pita ladan l. Epi nap mache di nou ENTÈLIJAN.....

An verite, si nou vivan toujou antan ke pèp se paske chak grenn koukouy klere pou tèt li, paske nou aprann debwouye nou san strikti de baz leta òganize. Men rayisab sa a ki nan san nou ap fini ak nou. Nou fè rayisab menm lè kominote Ayisyen kote nap viv la nan peyi etranje. E se sak fè nou paka evolye menm jan nou wè tout lòt minorite etranje yo ap byen evolye a, devan grenn je nou.


Mwen gen yon teyori: Ayisyen pa renmen tèt li, e li pi rayi lyen sa a ki asosye l ak tè sa a, "kòd" sa a ki mare l ak peyi Dayiti a.

Kesyon an kounye a se: kijan nap fè pou nou rekonsilye ak  pwòp tèt pa nou? Pou nou sispann gade Ayisyen parèy nou an epi nou gentan brake kont li jis paske li se Ayisyen… paske nou sipoze li gen yon ekip vye defo ke ou jwenn lakay Ayisyen sèlman. O wi, se sèl Ayisyen ki konsa!?!

Mwen gen nouvel pou nou: jan w parèt la, se konsa wi yo resevwa w tout kote. Se moun ou ye a ke w ka atire nan lavi w. Se defo w pi rayi lakay ou a ke ou pi paka sipote kay nèg anfas ou a. Epi tanpri souple pou mwen,  lè nou di "nèg" an Ayiti, tout Ayisyen ladanl.

#teyoripam
#senoukipouranjesa
#dimMantisiwkapab!
#fristrasyonkappale

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire